Extension Factory Builder Blag Créole: novembre 2013

Toto fè pwofesè lekol li pran yon gwo wont

Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li

Toto ki nan rekreyasyon ki wè pwofesè a chita nan klas la ap manje, li kouri al chita bò kote l' la pou l' manje avè l'.
Pwofesè a di Toto : "yo pa aprann ou ke yon kochon avèk yon zwazo pa konn menm kote ?"
Toto di l : "Se vre wi saw dim lan, m bat zèl mwen, m vole papa."
Pwofesè a fache, li pran fèy egzamen yo pou l' korije, lé l' rive sou pa Toto a, li ba l' zewo epi anba fèy la li ekri : "kochon", "nég sòt", epi pwofesè a tann kou Toto antre li remèt li fèy la. Toto ki wè sa, li tounen bò kote pwofesè a, li di l: "oh, apaw pa banm nòt, se sèlman non w ak siyatiw mwen wè anba fèy la ?"

Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li

* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Toto demanti pwovèb kreyol ki di : "Kout manchèt nan dlo pa gen mak la"

Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li

Yon jou pandan Toto poze l lakay li konsa, yon bandi antre nan lakou a, bandi a rale yon MANCHÈT sou Toto, epi Toto kouri li lage kòl nan pisinn nan . . .
Lè bandi a wè sa li rantre nan pisinn lan epi l' rache Toto pak an pak....
lapolis vinn parèt yo wè Toto poko mouri, yo mande Toto pouki nèg la rale MANCHÈT sou ou epi w' pa kouri al kache yon lòt kote se nan pisinn lan menm ou lage ko'w?

Toto reponn : "O o chèf la, se paskem konnen kout MANCHÈT nan dlo pa gen mak wi !"

Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li

* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Toto nan kou matematik

Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li

Toto ki nan kou matematik,
Pwofesè a di Toto:  "Si m' ba w 2 chat + 2 chat + 2 chat anko sa fèw konbyen chat ?"
Toto di: "Sa fè 7 chat mèt la"
Pwofesè a di: "Tande byen mwen baw 2 chat mwen re ba w 2 apre mwen mete 2 anko sou li sa fè konbyen ?"
Toto di: "o o sa fè 7 mèt la"
Pwofesè a di : "Ok mwen baw 2 zoranj mwen ba ou 2 anko apre sa mwen mete 2 anko, sa fè konbyen ?"
Toto di: "sa fè 6 mèt la"
Pwofesè a di l anko : "ehbyen mwen baw 2 chat mwen ba ou 2 anko apre sa mwen re mete 2  sou li, sa fè konbyen ?"
Toto di : "sa fè 7"
Pwofesè a di : "toner, kote ou fout jwenn setyèm chat sa ?"

Toto di : "paskem gen yon CHAT lakay la deja mèt la".

Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li

* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Toto bay yon blag sou prezidan Martelly

Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li

Vwala se Toto ki te gen foli jwenn yon gwo djòb nan gouvènman peyi a. Yon jou, malgre vijilans santinèl yo, li reyisi fofile antre nan palè nasyonal. Lè l' rive, li al jwenn yon ofisye pou esplike l' pwoblèm li.
Ofisye a di l : "Ki kalite travay ou ka fè?"
Toto reponn: "Prezidan la repiblik"
Ofisye a sezi,

li di Toto: "Eske ou fou nèt ?"
Toto besé tèt li tankou yon moun ki ap reflechi epi li reponn:
"Ehbyen, ou va eskize m, mwen pat konnen si fòk mwen te fou pou m' te ka prezidan peyi Dayiti".

Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li 

* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Yon pastè ki pèdi yon afè akoz li pa konn bib li byen

Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li

Yon pastè kap sot lavil lap monte Petion-ville, li bay yon sè legliz li woulib, pandan pastè a al fè levye men l tonbe sou janm sè a, sè a di matye 7 vèsè 7, li fè sa pandan 3 fwa, tou le 3 fwa yo sè a di pass matye 7 vèsè 7. Pastè a bay vag. Lè pastè a rive lakay li, li pran bib li la l' gade, li wè matye 7 vèsè 7 la di: "mande wa jwenn."

Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li

* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Yon vòlè ki vrèman reziyen l

Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li

Yon vòlè ki al nan bak fritay yon machann, li pran 3 moso vyann epi li kouri, machann nan ap kouri dèyè l, lap rele bare vòlè, lè vòlè a wè machann nan preske pran l, misye kanpe, li rale zam li epi 
li di machann nan: "sak pasew?"
Machann nan di: "Ou bliye pran pikliz la wi cheri!"

Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li

* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Toto manke manman l dega pou manje

Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li

Toto leve a 5h di maten epi li di manman l: "Kote manje pam?"
Manman l di l: "Granm maten sa Toto! Kotem jwenn a manje sa?"
Toto di: "Bon se preske talè a m tande wap di papam: cheri banm bwa."
M tande wap soufle dife, wap di cheri li gou, cheri le cho,
Toto di ankò: "si l pat manje, kisa l te ye la menm?"

Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li

* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Sòt fè Toto dòmi grangou

Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li

Grangou bare Toto lanwit. Lè Toto pase men l' nan pòch li, li jwenn sèlman 6 goud. Yon 5 goud ak 1 goud. Toto pran 6 goud li pou l' al achte yon ti fritay. Lè Toto rive nan wout, Goud la pèdi. Toto pa fè de lide, li kouri al achte yon balèn ak 5 goud la pou l ka chèche goud la ki pèdi a.

Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li

* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Jalouzi mele ak enbesil Ti Joel koz lanmo l ansanm ak Toto

Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li

Toto ak Ti joel ki te 2 bon vwazen epi ki mouri, lè yo rive nan lanfè yo tonbe pase mizè epi yon
jou yo pwofite dyaloge.
Toto di : "kijan w fè mouri?"
Ti joel di : "kriz kadyak - E ou menm Toto?"
Toto di : "m te friz twòp epi m mouri...twòp fredi"
Apre 2 minit
Toto di: "koman ou fè mouri pa kriz kadyak"
Ti joel di: "yon jou, m te antre lakay mwen m jwenn madanm mwen toutouni epi cheve l' gaye ak anpil koka bò kou l' m panse lap twonpem, m chache nan tout kay la m pa wè nèg andan, m telman nève m fè yon kriz"
Toto di: "Siw te gade nan frijidè a lè konsa nou tou 2 tap an vi, enbesil".

Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li

* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Pi gwo maladi Toto soufri nan vi l

Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li

Toto ki gen pwoblèm mantal li pa janm sonje sa l' fèk di, yon lè li leve li al kay doktè, li rive,
Doktè a di : "saw genyen?"
Toto di : "dok mwen gen pwoblèm chak pawòl mwen finn di mwen toujou bliye l."
Doktè a di : "pwoblèm sa grav !"
Toto di : "ki pwoblem?"

Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li

* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Toto met may jiskaske li twonpe tifi vwazen an

Haiti need your help, click to see how you can contribute!

Yon Tifi ki abite sou kote kay Toto, manmzèl ap esplike manman l' istwa Toto.
Tifi a di : "manmie ou konnen yeswa Toto banm defi pou m' monte pyebwa ki nan lakou a !"
Manman an di : "men kijan fè ou egare konsa? ou pa wè se kilot ou Toto te vle wè."
Tifi a di: "m te gentan wè sa manman! Se sak fe mwen te retire kilot mwen avan m' monte pyebwa a."

* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

14 Fevriye nan still pa Toto

Li di l' : "Toto fòk ou banm chokola wi".
Toto di l' : "ebyen cheri, vini lakay mwen".
Fi a di : "non m pa renmen opsyon sa!"
Toto di l' : "ebyen al nan yon makèt, chwazi yon gwo chokola epi di map vinn peye"
Fi a di : "adye... non papa, ou bezwen yo al touye m' anba bwa nan makèt la?"
Toto di l': "ebyen, chwazi youn nan yo paske tou 2 opsyon yo w-ap pran bwa nan yo..."