Extension Factory Builder Blag Créole: octobre 2013

Toto mande direktè lekol li yon abònman pou l ka fe dezod

Haiti need your help, click to see how you can contribute!

Toto ki nan yon lekòl ki gen dòtwa ladan l, tout elèv lekòl la se ladan l yo tou abite jis ane lekòl la fini. Direktè lekòl la ap fè yon reyinyon pou bay tout prensip lekòl la avan menm ane a kòmanse.
Lè direktè a ap fini diskou li,
Li di : "Kòsenans dòtwa yo, map raple nou ke pati pa fi yo entèdi pou tout gason lekòl la alawonnbadè",
li kontinye li di :  "si nou rankontre youn nan gason lekòl la nan dòtwa medam yo san yo pa ak yon responsab lekòl la yap peye amand. Premye amand lan se 10 $ lap ye, dezyèm amand lan ap pi chè, se 40$ lap ye, twazyèm nan ap 100$. Eske nou gen kesyon ?"
Toto leve men l epi l di : "Konbyen kòb abònman an ye pou ane a Direktè?"

Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production

* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Toto genyen nan yon bolèt li te jwe ansanm ak Ti joel

Haiti need your help, click to see how you can contribute!

Toto ki fè yon rèv, li mande Ti joel si li konn tchala l byen pou l ka esplike l rèv la.
Ti joel di : "Wi, ki rèv ou fè?"
Toto di : "mwen reve lopital"
Ti joel di : Map baw bou l la men siw genyen nap separe kob la a 2, eske dako?"
Toto di l pa gen pwoblem. San reflechi Ti joel di l lopital bay 16-61.
Toto kouri al jwe 16-61 chak a 25 goud. 2 zèd tan apre bolet la tire, yo bay 18-56-22 lè Toto wè l pèdi vre li fè 16 la tounen 18 pou l al touche. Lè Toto rive a fich la, yo bat li byen bat. Lèl retounen lakay li li jwenn Ti joel.
Ti joel di l : "Saw genyen la Toto?"
Toto di : "mwen fè aksidan men mwen genyen nan bolèt la wi epi paka mache, al touche pou mwen non.
Ti joel pa menm gade fich la, lè li rive yo bat li byen bat li kouri al kay Toto,
Toto di : "Saw gen la konpè?"
Ti joel di : "Saw fèm la?"
Toto di : "Sim te genyen saw te di nou tap fè?"
Ti joel di : "nou tap separel a nou 2"
Toto di : "Ebyen yo bat mwen, m separel a nou 2".

Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production

* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Direktè Toto kap pase 4 fanm interview pou job sekretè

Haiti need your help, click to see how you can contribute!

Toto ki direktè yon travay kap fè interview ak 4 fanm ki postule pou yon job sekretè. Li poze menm kesyon an pou yo tout.
Toto di: "Tout fanm an general gen 2 bouch, ki diferans ki genyen antreyo?"
Premye fi a di: "Youn gen cheve sou tout kòl, lòt la pa genyen!!!"
Toto di: "OK, sa bon."
Dezyèm fi a di: "Youn ka pale men lòt la pa kapab!"
Toto di: "Sa pi bon!"
Twazyèm fi a di: "Youn vètikal, lòt la orizontal!"
Toto di: "O o, ou entèlijan wi!"
Dènye fi a di: "Youn se pou mwen, lòt la se pou Boss travay mwen!"
Toto di: "Ou menm ou two konpetan, ou mèt vinn travay demen a 8hres.

Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production

* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Traka ak yon granmoun 75 lane ki gen pwoblem pou l ejakile

Haiti need your help, click to see how you can contribute!

Yon ti granmoun 75 lane ki al fè ekzamen pou Sperme li, lè l rive doktè a bal yon ti bokal pou l mete sperme nan. Apre yon jou li retounen kote doktè a ak bokal la vid.
Doktè a di l: "oh apaw tounen ak bokal la vid?"
Ti granmoun nan reponn: "ah dòk, mwen eseye ak men mwen, anyen menm Dòk, Mwen fè madanm mwen edem, li met men, bouch, ah anyen menm. Mwen menm rele vwazinn nan vin edem."
Doktè a di: "kisa?"
Ti granmoun nan di: "Janw tande a dòk, li eseye ak men dwat, men goch, li met bouch. Ah Dòk pa gen nou youn ki rive ouvri vye kk bokal sa!"

Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production

* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Pastè Toto peye yon fidèl legliz li paske li pat mete kilòt

Haiti need your help, click to see how you can contribute!

Toto ki se yon pastè legliz, pandan Toto tap monte eskalye legliz la anmemtan te gen yon tifi ki tap desann eskalye a, je pastè Toto tonbe anba rad tifi a, li wè l san kilot, li rele tifi an, li ba-l $50.00 pou l al achte kilot. Lè tifi an rive li bay manman l kob la pou l achte kilot pou li epi tifi a esplike manman l jan pastè Toto ba l kob la. Manman an retire kilot sou li la l legliz lan. Pandan pastè Toto ap monte eskalye an epi manman tifi an ap desann, je pastè Toto tonbe anba rad fi a, li wè l san kilot, pastè Toto rele fi a, epi fi a kontan li panse li pral jwenn kob. Pastè Toto rale $1.00 bay fi an,
Li di l: "men al achte razwa taye vye zèb sa yo ki anba rad ou an madanm."

Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production
 
* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Bandi fè Toto depale paske li fè sèks ak yon fi

Haiti need your help, click to see how you can contribute!

Toto ap mache di tout mounn li kouche Sandra, men Sandra rele mari l ki se yon gro bandi li dil sa. Lè bandi a parèt devan Toto
Li di l: "epam tande wap mache di moun ou kouche Sandra? ou ka esplikem sa, pou dat m pa tiye moun !!!"
Toto kom pi fokè, presyon nan kol e li gen may,
Toto di bandi a: "monchè li telman fè cho lakay la, yèswa m kouche san "DRA".

Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production

* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Yon nouvèl ki endispoze 2 mè

Haiti need your help, click to see how you can contribute!

3 mè kap pale antreyo epi
Premye mè a di: "sak ta di nou map netwaye chanm pè a semenn pase m jwenn yon pakèt liv porno."
De lot mè yo di: "saw fè avèk yo?"
Premye mè a reponn: "mwen jete yo nan fatra a ..., epi lèm gad anba kabann nan, m wè yn pakèt kapot."
Lot 2 mè yo di: "saw te fè avè yo?"
Premye mè a reponn: "mwen fè tou nan tout ak yon eping."
LOT 2 Mè YO TONBE BIP, YO ENDISPOZE

Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production

* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Toto pa vle timoun lekol li yo rele l masisi

Haiti need your help, click to see how you can contribute!

Toto sot lékòl byen mové,
li di:"papa gen yon ti gason nan lékòl la kap relem masisi."
Papa a di l: "oh oh, ou pa fout kasé dyòl li?"
Toto di: "non papa li twò bèl ti gason."

Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production

* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Toto genyen papa l nan yon pari sou kilot pwofesè lekol li

Haiti need your help, click to see how you can contribute!

Toto ki telman renmen jwe aza, e li toujou genyen nèg nan jwèt. Tout moun sou katye a konnen-l. 
Lendi se te premye jou lekol, papa Toto mennen-l lekol, epi papa a rele madmwazèl la a kote. 
Li di-l kelkeswa leson-w wap fè nan klas la, pa parye anyen ak Toto.
Madmwazel lan dako. 30 minit apre papa Toto ale, Toto rele madmwaze-l lan li di-l map parye $50.00 map di-w ki koulè kilot ki sou ou an. Madmwazèl lan aksepte. Pandan yo bay rekreyasyon madmwazèl lan al retire kilot sou li, li mete-l nan valiz li, epi lè lekol lage, Li di Toto di-m ki koulè kilot ki sou mwen an, Toto reponn Jaune Madmwazel lan ri epi li leve rad li,
Li di: "ha ha, jodia ou resi pèdi."
Toto di ok mwen dako, vinn al nan machinn lan kot papam poum ba-w kob la. Le madmawazèl lan rive kot papa Toto,
li di-l : "jodia Toto resi pèdi." 
Papa Toto mande-l, koman sa? Epi madmwazèl lan ap esplike sa ki pase an.
Papa Toto di:  "tchuipsss, kyèt gad sa ti vole a fè'm"
Le madmwazèl lan mande-l sak pase.
Papa a di: "Se parye li te parye avè-m, avan lekol lage li tap wè anba-w."

Haiti need your help, click to see how!
https://www.indiegogo.com/projects/help-haiti-become-selfsufficient-in-egg-production

* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Toto ak 2 bel kout pitit li yo

Haiti need your help, click to see how you can contribute!

Toto ak madanm li ki marye yo gen 2 bel piti fi. 
Toto vinn deside pou madanm li ansent pou li, pou-l ba'l yon ti pitit gason. Apre kelke mwa, madanm Toto ansent.
9 mwa pita, madanm Toto akouche. 
Toto ki pat la, pran nouvel madanm li akouche.
Toto kouri al lopital General pou-l we timoun lan.
Le Toto rive, li we timoun lan. Oh! Oh! Toto sezi. 
Toto al nan chanm lan kot madanm li,

epi li di:"Cherie pa gen okenn fason timoun sa se pou mwen, paske timoun sa two led. Gad 2 bel pitit fi mwen ba ou."
Epi Toto gade madanm li yon jan,

Li di-l: "Cherie ou banm kout pitit."
Madanm Toto gade-l epi byen janti li reponn li: "se 2 premye timoun yo ki pat pou ou."