Extension Factory Builder Blag Créole: Toto fè pwofesè lekol li pran yon gwo wont

Toto fè pwofesè lekol li pran yon gwo wont

Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li


Toto ki nan rekreyasyon ki wè pwofesè a chita nan klas la ap manje, li kouri al chita bò kote l' la pou l' manje avè l'.
Pwofesè a di Toto : "yo pa aprann ou ke yon kochon avèk yon zwazo pa konn menm kote ?"
Toto di l : "Se vre wi saw dim lan, m bat zèl mwen, m vole papa."
Pwofesè a fache, li pran fèy egzamen yo pou l' korije, lé l' rive sou pa Toto a, li ba l' zewo epi anba fèy la li ekri : "kochon", "nég sòt", epi pwofesè a tann kou Toto antre li remèt li fèy la. Toto ki wè sa, li tounen bò kote pwofesè a, li di l: "oh, apaw pa banm nòt, se sèlman non w ak siyatiw mwen wè anba fèy la ?"


Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

commentaires