Extension Factory Builder Blag Créole: Toto demanti pwovèb kreyol ki di : "Kout manchèt nan dlo pa gen mak la"

Toto demanti pwovèb kreyol ki di : "Kout manchèt nan dlo pa gen mak la"

Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li


Yon jou pandan Toto poze l lakay li konsa, yon bandi antre nan lakou a, bandi a rale yon MANCHÈT sou Toto, epi Toto kouri li lage kòl nan pisinn nan . . .
Lè bandi a wè sa li rantre nan pisinn lan epi l' rache Toto pak an pak....
lapolis vinn parèt yo wè Toto poko mouri, yo mande Toto pouki nèg la rale MANCHÈT sou ou epi w' pa kouri al kache yon lòt kote se nan pisinn lan menm ou lage ko'w?

Toto reponn : "O o chèf la, se paskem konnen kout MANCHÈT nan dlo pa gen mak wi !"



Klike pou fè yon don 5$ pou ede fondatè Blag Creole la ak edikasyon li

 

* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

commentaires