Extension Factory Builder Blag Créole: décembre 2012

Boutik Toto a



Toto ki toujou nan konkirans ak vwazenl tout sa vwazenl lan fè li vle fèl tou, yon jou vwazen an fè yon boutique li relel jezi se toro, Toto leve nan demen li fè yon boutique tou li relel jezi se ragaman...

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti

* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog a augmenter son audience.

KokoB



Se yon pwofesè ki rantre nan yon sal de klas, tout elèv yo kanpe pou yo dil bonjou men gen youn ki rete chita, pwofesè a dil metel deyò, elèv yo di non pwofesè, se yon kokobe li ye, pwofesè a tann yon ti moman 

li di: "depi nou wè mwen antre nan klas la, kit li te kokoA jiska kokoZ tout moun dwe kanpe pou dim bonjou."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog a augmenter son audience.

Sèvant san parèy



Yon madanm kap chèche yon sèvant pou travay. Li jwenn youn ki mande l 500 $ us pa mwa. 
Madanm nan di sèvant lan: "ou fè windows, word, excel, powerpoint?"
Sèvant lan di: "Madame mwen pap baw manti, depi gen chodyè map ka kwit tout!"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog a augmenter son audience.

Toto kap fè grammaire



Istwa sa rive Toto pandan li nan lekol ak yon pwofesè.

Yon pwofesè mande Toto nan ki tan fraz sa ye, "Haiti te lapèl dè zantiy"
Toto di l: "Tan pase"
Li di Toto: "Yon moun sot pran kòb labank yo kidnape l", "ki tan?"
Toto di l: "tanzantan"
Pwofesè a fache li di Toto, poukisaw vinn lekol?
Toto di l: "Tan pèdi"
Pwofesè a di l: "metew deyò"
Toto reponn: "Li te lè l te tan"

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.