Extension Factory Builder Blag Créole: novembre 2012

Toto kap tchat



Se pa yon blag, se yon istwa vrè.

Toto kap tchat ak mennaj li epi li vle voye kèk bèl ti pawol damou pou li. 
Toto di fanm nan: "Salut bb, en ce moment si tu pleurs envoie moi tes larmes, si tu ris envoie moi ton sourire, si tu dors envoie moi tes rêves."
Fanm nan reponn Toto: "Je suis a la toilette en ce moment je t'envoie quoi ?"
Toto reponn: "bay vag ou toujou sou fè still."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog a augmenter son audience.

Bon kontè



Yon nèg kal kay mennaj li, li wè yon ti pitit 
li di:"Petit tu sais compter?" 
Ti pitit la di: "mwen tèlman fò ou se 48tyèm mennaj sèm nan".

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog a augmenter son audience.

Blag sou dòmi



Toto Ki di manman'l Bonjou.
Manman an Di: "Bonjou Toto , Kòman Nwit la te ye ?"
Toto Reponn : "mwen pa Konnen Paske'm te nan Dòmi."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Yon chen ki kwafè



Yon nèg ki al nan yon fèt depi lè l rive a misye tèlman ava li manje li bwè depase epi li sou, li tonbe vomi gen yon chyen ki ap niché tèt li misye tèlman gaga li di gade kwafè poum pa fè dezod la banm bon tchas tande...

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Yon maladi ki itil (Toto ak Ti joel)



toto's jokes
Ti joel ak Toto nan prizon. men Ti joel fè sik.
yo ale lopital ak Ti joel, yo koupe 2 men li paske maladi a te kòmanse ap atake l seryezman. Apre 2 mwa ankò li retounen nan randevou yo koupe 2 pyel. Toto ale kote kòmandan prizon an anba.
li di : "komandan si ou pa veye Ti joel ak koze maladi sa , lap finn sove sou ou moso pa moso."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haïti, blagues de Toto.
* Veuillez commenter cette blague pour la partager sur http://www.facebook.com/blagcreole.

Demand maryaj san parèy



Se yon ti dam ki di papal ke Toto ap vin fè la demand pou li, nan apremidi lè Toto rive kay papa fi a li gen yon chiklèt nan bouch li lap moulen ...

Papa a di: "Toto eske c pa mank respè pou vin kotem epi chiklet nan bouch ou konsa."

Toto: "Ah! C paskem sot fimen wi papi."
Papa: "An ou fimen ?"
Toto: "wi, depim komanse bwè anpil m fimen."
Papa: "An ou bwè tou ?"
Toto: "Mèwi lèm al nan kafe m bwè anpil wi."
Papa: "sa fe konbyen tan depiw pral nan kafe."
Toto: "Ah depi lèm sot nan prizon an".
Papa: "Ah bon! Ou te nan prison. Poukisa menm ?"
Toto: "Ah m te touye yon nèg."
Papa: "oh! poukisa menm ?"
Toto: "Ah! misye pat vlem marye ak pitit fi li a."
Papa: "ebyen monchè m pa gen pwoblèm avèw ou te mèt marye ak fanm ou frèm."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Fanmiy Toto, Yon bèl fanmiy



TOTO ki gen 3 pitit, 2 fi yon gason. Yon jou,
Youn nan tifi yo di: "papa map soti ak yon zanmi fi paske mwen renmen l". 
Lòt pitit fi a reponn: "mwen menm tou papa map sòti ak youn tou".
TOTO mete 2 men nan tèt li,
Li di: "oh oh, pa gen moun ki renmen ak gason nan kay la".
Pitit gason an reponn: "sèl mwen papa."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.

Toto kap bat ko l



Sa se blag Toto kap trip sou yon polisye, polisye a kanpe Toto lap pozel kelke kesyon.

Polisye : "Kote w rete ?"
Toto : "Kay paranm!"
Polisye : "Kot paran w rete ?"
Toto : "Lakay mwen!"

Polisye : "Kote ni ou ni paran w rete ?"
Toto : "Nan menm kay la!"
Polisye : "Ki kote kay la ye ?"
Toto : "B
ò kay vwazen an!"
Polisye : "Ok! Ki kote kay vwazen an ye ?"
Toto : "Ah chèf la si m diw ou pap kwem!"
Polisye : "Ou mèt dim?"

Toto : "Bò lakay la..."

-->


* blag kreyol, créole, ayisyen, ayiti / blagues créoles, haïtien, Haiti
* Veuillez commenter ou partager cette blague pour aider le blog à augmenter son audience.